AYITI/GOUDOU GOUDOU: TRANBLEMAN TÈ A FÈ ANPIL DEGA NAN KOMIN ANSAVO

Tranbleman tè ki pase maten lendi 24 janvye 2022 a nan depatman Nip ak manitid 5. 3, daprè sa responsab yo nan biwo min ak enèji.

Nan yon entèvyou delege depatman Nip lan Morel Esperance Berard, bay redaksyon Echo Jounal, kote li fè konnen sekous tranbleman tè yo ki fèt 24 janvye a touye yon fanm nan twazyèm seksyon « Saut -Du-Baril », ki nan Komin Ansavo. Li ajoute, gen 93 kay ki kraze nan menm seksyon kominal la ak 287 kay ki andomaje.

N ap fè remake, direktè medikal lopital depatmantal Nip lan, Sent Terèz Miragwàn, doktè Donald François, fè konnen seri moun ak elèv ki te vin pran swen nan lopital la aprè sekous yo deja retounen lakay yo. Pandan li presize pou kounye a ekip lopital la deja kòmanse deplase pasyan ki te lopital la pou mete yo nan yon espas ki gen plis sekirite.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Haïti : Un atelier clé pour renforcer la Formation Technique et Professionnelle

Le 11 juin 2025, à l’hôtel Kinam, s’est déroulée la 8ᵉ revue thématique de la …