AYITI/ IMIGRASYON: PEYI MEKSIK PRÈ POU RESEVWA MIGRAN YO

Sekretè jeneral relasyon eksteryè peyi Meksik la, Marcelo Ebrard, fè konnen jounen lendi 20 Septanm 2021 an, peyi Meksik prè pou resevwa migran ayisyen depi yo respekte lwa peyi a.

 » peyi Meksik pa gen okenn pwoblèm pou migran ayisyen yo vini nan peyi a, depi li respekte lwa yo », se chanselye Marcelo Ebrard deklare. Selon sekretè relasyon eksteryè a Meksik la, ki presize pi fò migran yo gen rèv pou rantre nan peyi Etazini.

Nap siyale, gen pou pi piti 13 000 moun ki san papye, pami yo ayisyen, otorite ameriken yo kenbe sou pon entènasyonal ki relye Del Río, nan Eta Tekzaas, ak  » Ciudad Acuna » nan peyi Meksik.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Les employés de l’ONA unis pour défendre leur institution et leur Directeur Ronald Bazile face aux pressions politiciennes

Ce mardi 17 juin 2025, les employés de l’Office National d’Assurance-Vieillesse (ONA) ont organisé une …