AYITI/JISTIS : AVOKA NAN BAWO MIRAGWÀN KADNASE BARYÈ KONPLÈKS ADMINISTRATIF POU PWOTESTE KONT PRESTASYON SÈMAN YON SIBTITI KOMISÈ GOUVÈNMAN .

Avoka yo manm bawo Miragwàn yo fèmen jounen 24 mas 2021 an , kadnase baryè prensipal antre konplèks administratif miragwàn lan pou pwoteste kont prestasyon sibtiti komisè gouvènman jiridiksyon Okay transfere nan jiridiksyon miragwàn Whatson Azor.

Youn nan avoka pwotestatè yo mèt Castin Milot, fè konnen sibtiti transfere Whatson Azor pap kapab prete sèman nan jiridiksyon miragwàn akoz move tach li gen sou dol.

Avoka pouswiv poul di daprè ankèt bawo miragwàn mennen sou enpetran yo jwenn move tach sou dol, « sibtiti Whatson Azor konn abitye nan pwoblèm ak komisè prensipal la pou lajan, li gen abitid vòlè tè malere ak malerèz nan jiridiksyon kote li pase  » se deklarasyon mèt Castin Milot.

N ap siyale, sa fè pou yon twazyèm fwa sibtiti komisè gouvènman jiridiksyon okay transfere nan jiridiksyon miragwàn lan Whatson Azor ki pa rive prete sèman akoz mouvman avoka yo ki di yo pa bezwenl nan jiridiksyon an .

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Les employés de l’ONA unis pour défendre leur institution et leur Directeur Ronald Bazile face aux pressions politiciennes

Ce mardi 17 juin 2025, les employés de l’Office National d’Assurance-Vieillesse (ONA) ont organisé une …