AYITI/JISTIS: « FÒK LAJISTIS TANDE MOUN NON YO SITE NAN REVELASYON NEW YORK TIMES FÈ A », CLAUDE JOSEPH

_Ansyen premye minis pou yon bout tan sou administrasyon Jovenel Moïse la, Claude Joseph, mande Lajistis nan peyi Dayiti pou envite moun ki gen non yo site nan dènye revelasyon jounal ameriken New York Times fè sou dosye asasina Jovenel Moïse la._

Doktè Claude Joseph deklare Lajistis dwe tande moun ki gen non yo site nan revelasyon jounal New York Times fè sou dosye lanmò Jovenel Moïse la.  » Si gen yon ankèt serye ki ap fèt, fòk yo envite moun ki gen plent kont yo ak moun ki gen non yo site nan revelasyon New York Times la », pawòl ansyen minis zafè etranje a nan moman li te soti nan pakè Pòtoprens.

Yon lòt kote, ansyen chanselye ayisyen an fè konnen li pa regrèt yo ekate li nan gouvènman an. » Apre m fin fè arete Samir Handal, yo fè tout sa pou yo kapab pou yo arete m m pa regrèt paske m ap kontinye batay la », ajoute doktè Claude Joseph.

Pou sa ki gen pou wè ak arestayon prezime asasen nan lanmò Jovenel Moïse la, Samir Handal nan peyi Tirki Claude Joseph afime » gouvènman ki gen nan tèt li Ariel Henry a pa gen okenn volonte pou fè Samir Handal vin fè fas ak Lajistis nan peyi Dayiti.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le sang de la veine/ Etats-Unis : Qu’est-ce que l’insuffisance veineuse chronique dont souffre Donald Trump ?

Ecchymoses sur ses mains et chevilles enflées : Ces derniers jours, les photos de Donald …