AYITI/JISTIS:PAKÈ PÒTOPRENS MANDE SIPÒ ENTÈPÒL POU METE POLISYE FANTOM 509 YO ANBA KÒD.

Nan yon kominike ki soti Jedi 25 mas nan lannwit pakè Pòtoprens mande entepòl kout men nan batay yo ap mennen pou mete polisye ki anba estrikti « Fantom 509 » yo anba kòd.

« Komisè gouvènman tribinal premye enstans ki chita kò l nan Pòtoprens mande bourad entepòl nan sousi pou chache ak mennen polisye sa yo devan otorite Ayisyen yo ».

Pami polisye sa yo gen : Yanick Joseph, ansyen kòdonatris SPNH17 ; Jean Elder Lundi ki se kòdonatè jeneral SPNH 17 la pou kounya ; Jean Pascal Alexandre, manm fondatè sendika SPNH17; Abelson Gros Nègre ; Christa Chancy ak yon pakèt lòt ankò.

Daprè sa ki ekri nan nòt sila a, gen yon pakèt enfraksyon tankou : destriksyon byen piblik ak prive ; asasina ; tantativ asasina yo repwoche polisye sa yo.

Sepandan, pandan tout aparèy jistis la mobilize pou batay kont yon gwoup moun yo di ki nan eskrikti » Fantom 509″ la, jiskaprezan, apre 2 semèn, PNH la poko janm fè okenn jefò pou l al chache kadav polisye ki te tonbe nan operasyon vilaj dedye a 12 mas 2021 an.

Jackson junior Rinvil

Kredi foto:rezonòdwès

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …