Aktivite prekanavalès yo ap redemare dimanche 17 fevriye 2019 la nan vil Jakmel apre otorite meri yo te deside anile wikenn pase tout aktivite prekanavalès yo akoz sityasyon latwoublay ki gen nan peyi a. Desizyon sa pran swit ak yon rankont lameri, biwo kanaval la ak aktè kanaval yo jedi 14 fevriye 2019 pase a nan meri an aprè yon mach pasifik aktè kanaval yo te fè nan vil la.
Pandan rankont sila, anpil apwòch te fèt, sitou rapèl nan ki sikonstans peyi a te ye deja, lè Jakmel te pran linisyativ pou fè kanaval li.
Majistra te ensiste pou li di aktè yo, lameri pa pwomèt lajan. Li sèlman di ke, li pral kontinye demach yo nan tèt kole ak delege a epi biwo kanaval la la pou kapab jwenn lajan.
Atizan yo manifeste anpil volonte pou kontinye ak aktivite kanaval la nan Jakmel, sitou bò kote atizan yo ki te gentan mete lajan yo nan preparasyon zèv yo.