AYITI KIDNAPIN : GOUVÈNMAN AN DEMANTI ENFÒMASYON KI FÈ KWÈ LI PEYE BANDI YO POU JWENN YON SOUF AK KIDNAPIN NAN.

Nan yon nòt gouvènman Claude Joseph lan mete deyò jounen madi 11 me 2021 an, li  demanti bri kap kouri ki ta fè kwè,  poz Izo ak Tilapli pran pou yo pa fè kidnapin ankò a se prezidan repiblik la Jovenel Moïse ki ta bay gwo sòm lajan pou sa.

Minis komikasyon an aK kilti a fè konnen se nan radyo ak sou rezo sosyal yo lap tande gen anpil moun kap pale de sa, li kontinye pou li di fòk nou pa kite manti ak voye moute pran plas verite. Li fè konnen nan nòt la, prezidan an ak tout gouvènman li an pap janm ale negosye avèk nèg kap fè krim sou Popilasyon an.

Yon lòt kote minis komikasyon ak kilti pou yon ti bout tan an, pwofite pou li di yo pap nan negosye ak bandi paske li te pase lòd ak polis la kòm chèf CSPN pou mache pran tout bandi nan tout rakwen peyi a.

 

 

Ronald Exavier

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Haïti – Santé publique : Le MSPP équipe les hôpitaux pour renforcer la vaccination

Dans un contexte marqué par la résurgence de maladies évitables par la vaccination, notamment dans …