AYITI/ KIDNAPIN: YON MANM NAN SEKIRITE PALÈ NASYONAL KIDNAPE

Bandi ak gwo zam kidnape jounen dimanch 12 Septanb 2021 an, yon ajan inite sekirite jeneral palè nasyonal (USGPN), nan zòn Matisan maten dimanch 12 Septanb 2021 an.

Wilnor Louis, se non ajan USGPN lan ki sòti nan 19e pwomosyon lapolis la nèg ak zam kidnape epi mande yon milyon dola ameriken pou kapab libere viktim lan. Pou kounye a, ajan USGPN lan ki nan men bandi yo kote yo ap rele fanmi an pou fòse yo peye epi menm bay presyon ke yo ap tiye li si yo pa kouri pote kòb la.

Nap fè remake, depi plizyè semèn fenomèn kidnapin retounen ak plis fòs nan peyi a se nèg ak gwo zam ki sèl kòk chante nan peyi a kote yo pran tout otorite fè yo tounen twal pye tèlman yo ap dezapouve desizyon sekirite yo konn pran.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Haïti : Un atelier clé pour renforcer la Formation Technique et Professionnelle

Le 11 juin 2025, à l’hôtel Kinam, s’est déroulée la 8ᵉ revue thématique de la …