AYITI/ KIDNAPIN: YON POLISYE MOURI, YON LÒT BLESE PANDAN L AP ESEYE DEJWE YON KIDNAPIN

_Richard Pierre Étienne, yon ajan 26e pwomosyon Lapolis Nasyonal Dayiti ki afekte nan BLTS tonbe anba bal bandi jounen samdi 16 oktòb 2021 an nan ri Kamo. Alòske, gen yon lòt polisye 30e pwomosyon ki li menm blese pandan l ap eseye dejwe yon kidnapin._

Polisye yo te nan patwouy e nan moman yo rive nan ri Kamo a, yo al espante sou yon pakèt moun yo pa idantifye k ap kidnape yon moun. Sa ki lakoz polisye yo reyaji. Nèg ak zam yo tire sou polisye yo kote gen yon polisye ki tonbe e yon lòt blese.

Sepandan, malgre entèvansyon Lapolis, nèg ak zam yo rive kidnape moun nan kanmèm. Yon lòt kote, gen plizyè bandi daprè enfòmasyon yo ki soti blese.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Les employés de l’ONA unis pour défendre leur institution et leur Directeur Ronald Bazile face aux pressions politiciennes

Ce mardi 17 juin 2025, les employés de l’Office National d’Assurance-Vieillesse (ONA) ont organisé une …