AYITI/KORIPSYON: SENATÈ WILLOT JOSEPH DEKLARE LI RESEVWA 100.000 US NAN MEN PREMYE MINIS NOME A.

Senatè plato santral la WILLOT Joseph deklare sou antèn radyo RCH 2000 nan emisyon *BWASE LIDE* nan sware jedi 12 septanm 2019 la li resevwa 100.000 us nan men premye minis nome a Fritz William Michel poul vote anfavè li.

Aprè senatè grandans lan Sorel Jacinthe te fin denonse plizyè kòlèg li nan Sena ki pran lajan pou vote premye minis la, WILLOT JOSEPH ale pi lwen poul fè konnen li pa gen pwoblèm poul pran nenpòt lajan, kelkeswa kote lajan an soti paske li pa fè lajan.

Poun fini nap fè konnen jiskaprezan lòt senatè non yo site nan lis Sorel Jacinthe mete deyò kòmkwa yo ta resevwa gwo sòm lajan nan men premye minis la pou vote pou li toujou ap diskite sou plizyè zond radyo.

Eskè se WILLOT JOSEPH selman ki te pran lajan sa nou pa konnen.

 

otè: Malvoisin Louisias Diego.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Mexique: Découverte de 381 corps abandonnés dans un crématorium

Des enquêteurs ont retrouvé 381 cadavres entassés dans un crématorium privé de Ciudad Juárez, dans …