AYITI/KORIPSYON: SENDIKA DWÀN YO NAN PEYI DAYITI DESIDE BAY AJAN ULCC YO YON REPLIK APRE PASAJ YO NAN DWÀN PÒTOPRENS.

Komite asosyasyon dwanye ayisyen yo ki gen pou sig nan lang franse (ADH) deside bay ajan ULCC yo yon replik apre yo te debake nan dwàn Pòtoprens jounen 20 me 2022 a, nan kad yon ankèt ke ajan ULCC yo ap mennen sou direktè jeneral bwat la, Romell Bell.

Selon asosyasyon an, se yon vyolasyon jan ajan ULCC yo debake nan dwàn nan ki pa respekte okenn prensip. ADH rele anmwey pou sa ki pase a epi tou pwofite denonse ajan ULCC yo ki sakaje plizyè biwo sansib nan dwàn nan an menm tan ki fè anpil britalite sou ajan dwanye yo kap travay nan yon sityasyon difisil epi konplike.

Nan sans sa, asosyosyasyon an deside kanpe travay pou moutre yo pa dakò ak sa ki fèt la epi pou otorite yo pran dispozisyon pou jan de bagay sa yo pa repete ankò.

Nap raple desizyon ankèt sa vini tou swit apre nouvèl kap kouri sou anbasad Etazini ki ta koupe viza direktè jeneral dwàn nan, Romell Bell ki ta enplike nan koripsyon epi trafik zàm.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Les employés de l’ONA unis pour défendre leur institution et leur Directeur Ronald Bazile face aux pressions politiciennes

Ce mardi 17 juin 2025, les employés de l’Office National d’Assurance-Vieillesse (ONA) ont organisé une …