AYITI/KORIPSYON: YON NOUVO STRIKTI PRAN NESANS NAN MITAN JOUNALIS YO POU GOUMEN KONT KORIPSYON

Yon nouvo strikti pran nesans nan mitan jounalis yo nan objektif pou goumen kont koripsyon, selon premye avi yo.

Strikti sa pote non « RJHAJAC » ki vle di nan lang franse « Réseau Haitien des Journalistes Anti-corruption », li gen pou piti 57 jounalis ak plizyè avoka. Strikti sila ki gen kòm direktè egzekitif Djovany Michel anrejistre nan ministè afè sosyal ak travay gen pou nimewo patant 5207006174.

RJHAJAC anonse lansman ofisyèl yo nan « Hotel Montana jou kap gen 15 mas 2022 a nan lè 10è nan maten. Yon jounalis ki ta renmen fè pati rezo sila kapab pase nan biwo yo ki chita kò li nan Dèlma 45#19.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Haïti : Un atelier clé pour renforcer la Formation Technique et Professionnelle

Le 11 juin 2025, à l’hôtel Kinam, s’est déroulée la 8ᵉ revue thématique de la …