Lapolis touye twa (3) jèn gason jounen samdi 23 desanm 2023 a ki te al achte nan mache a Taba selon enfo nou rive jwenn.
Jèn gason sa yo soti nan zòn Sat ki chita kò li nan komin Site solèy, ta pral tonbe sou yon bakòp polis ki ta pral ouvè yo ak bal, selon enfo yo jèn sa yo pa bandi e yo se pitit yon polisye.
Yon aksyon ki ta pral leve plim sou do moun kap viv nan zòn kote ti jèn sa yo soti a, yo te boule kawotchou e bloke wout la pou rele anmwey kont krim sa.