AYITI/MANIFESTASYON: ÒGANIZASYON SOSYO POLITIK GIDHA MANIFESTE POU ALÈTE OPINYON PIBLIK LAN DEZÒD ARIEL HENRY AP FÈ NAN BWAT LETA YO

Òganizasyon sosyo politik GIDHA, manifeste jounen
jedi 17 fevriye 2022 an pou alète opinyon piblik lan sou yon pakèt dezòd ki fèt nan administrasyon piblik lan kote Ariel Henry nome sèlman ti zanmi ,fanmi li nan bwat Leta pou gagote ti rès ma ki rete an.

Sekretè jeneral òganizasyon an, Lesly Fils -Aimé konfime òganisyon an te siyen akò 11 septanm nan pou plizyè rezon valab, malerezman Ariel Henry pa fè anyen nan sa ki te di nan akò a.

« Rezon ki te fè nou te chita ak Ariel Henry se paske li te pwomèt nou: « Li ap konbat ensekirite ,lavi chè ,li ap jere dosye masak yo ,dosye petwo karibe epi tou li ap mete tout bandi yo kote ki resève pou yo », daprè pawòl kòdonatè nasyonal GIDHA ,Francky Philder.

Kòdonatè an kontinye pou li fè konnen Ariel pa respekte pwomès li ditou ,premye aksyon li fè li se gaz li sou do pèp lan.

Angeline Michel

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …