AYITI/MIGRAN : MARIN KOLONBYЀN SOVE 94 AYISYEN KI TE BLOKE SOU LANMЀ A NAN YON TI BATO.

Marin nan peyi Kolonbi sove 94 ayisyen ki tap kite peyi Dayiti pou al chache lavi miyò nan peyi lòt bò dlo sou yon ti bato.

Ti bato sa ki rele Jhosua te gen ladann 94 ayisyen 61 granmoun ak 33 timoun ta pral gen pwoblèm motè nan mitan lanmè a, ajan marin kolonbyèn yo ki pat twò lwen te rive atan pou sove ayisyen sa yo epi remèt yo bay imigrasyon.

Selon premye detay ke otorite nan peyi Kolonbi yo bay ayisyen sa yo tap tante rantre Panama apre pou  yo ale nan plizyè lòt peyi an amerik disid ak peyi Etazini.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

« Haïti ne peut continuer d’être punie pour avoir arraché sa liberté », déclare le président brésilien Lula da Silva au Sommet Brésil-Caraïbes

Brasília, vendredi 13 juin 2025 — Lors du Sommet Brésil-Caraïbes organisé ce vendredi dans la …