AYITI/MIGRAN: PREZIDAN AMERIKEN AN JOE BIDEN REYAJI SOU JAN YO TRETE MIGRAN AYISYEN YO.

Prezidan ameriken an, Joe Biden, aprè plizyè jou reyaji sou move tretman gad fwontyè yo te bay migran ayisyen yo. « Wi. M pran responsabilite a paske m se prezidan », Joe Biden.

Chèf Leta ameriken an kritike konpòtman gad fwontyè ki, daprè li menm, se  » yon eskandal ».  » E jan nou te ka wè l, se te yon bagay grav pou w wè yo ap trete moun yo konsa. Cheval ap kouri dèyè yo, yo ap frape yo, moun t ap tonbe », reyaji responsab mezon blanch la sou sityasyon difisil migran ayisyen yo viv anba pon Del Rio a nan vil Texas.

Daprè Joe Biden, sa ki pase a se yon « eskandal ».  » Mwen pwomèt ou, moun sa yo ki fè sa, yo ap peye l. Genyen yon envestigasyon k ap fèt sou sa aktyèlman e ap gen konsekans », pwomèt prezidan ameriken an devan medya yo. » Wi ap gen konsekans. Se yon sityasyon anbarasan », afime Joe Biden.

Prezidan peyi Etazini an fè konnen sa ale pi lwen pase yon anbara. » Se yon danje. Yon move bagay. Li voye yon mesaj atravè monn nan, e li voye yon move mesaj pou lakay nou. Sa m ka di senpleman, sa ki pase a, se pa sa nou ye (…) », Daprè sa l di.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

« Haïti ne peut continuer d’être punie pour avoir arraché sa liberté », déclare le président brésilien Lula da Silva au Sommet Brésil-Caraïbes

Brasília, vendredi 13 juin 2025 — Lors du Sommet Brésil-Caraïbes organisé ce vendredi dans la …