AYITI/MOBILIZASYON : KAPITAL LA KONNEN YON GWO MOUVMAN TANSYON JOUNEN LENDI 13 DESANM 2021 AN.

Granm bonè nan maten lendi 13 desanm 2021 an, kapital la konnen yon gwo jounen tansyon nan zòn Bonrepo ak kanaran, kote chofè bis ki asire trajè Bonrepo kafou ayewopò ak anba lavil te bloke wout nasyonal nimewo 3 nan lide pou mande enkilpe Ariel Henry retounen sou desizyon rache fyèl li te pran pou ogmante pri gaz la.

Pilwen, chofè yo fè konnen mouche leta lage yo nan gwo diskisyon avèk patwon yo ki se pasajè yo, selon kèk nan chofè yo, san pasajè yo yo pap ka fonksyone paske se yo ki pou moute machin yo pou yo fè kòb.

Chofè yo kontinye pou di, si leta pa retounen sou desizyon yo te pran pou moute pri gaz la, yap kontinye bloke lari a jiskaske revandikasyon yo pase.

Ronald Exavier

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

« Haïti ne peut continuer d’être punie pour avoir arraché sa liberté », déclare le président brésilien Lula da Silva au Sommet Brésil-Caraïbes

Brasília, vendredi 13 juin 2025 — Lors du Sommet Brésil-Caraïbes organisé ce vendredi dans la …