AYITI/PALMAN: YON GWOUP SENATÈ KI PA DESIDE FÈ VALIZ YO KALIFYE TWIT PREZIDAN AN DE RIMÈ ANONSE YO PRAL BAY YON REPIBLIK.

Yon gwoup senatè ki gen nan tèt yo Jean Mari Salomon ki pwograme tèt li prezidan sena a bay yon konferans de près jounen 13 janvye 2020 an  kote li fè konnen twit prezidan an se yon rimè epi yon desizyon politik.

Selon Jean Mari Salomon konstitisyon an pa bay prezidan repiblik lan lòd pou desizyon politik sa ke li pran an, ansyen senatè a anonse yo pral bay Jovenel Moïse yon repons politik, ansyen senatè kondane lòt senatè yo li di ki deside mache sou menm wout ak prezidan Jovenel.

Gwoup senatè sa yo ki gen nan tèt yo Jean Mari Salomon, Joseph Lambert, Patrice Dumond, Yourry Latortue, Jean Renel Senatus pou site sa yo di yap ret nan pòs yo pou kontinye travay. A swiv…

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

« Haïti ne peut continuer d’être punie pour avoir arraché sa liberté », déclare le président brésilien Lula da Silva au Sommet Brésil-Caraïbes

Brasília, vendredi 13 juin 2025 — Lors du Sommet Brésil-Caraïbes organisé ce vendredi dans la …