AYITI/POLITIK : ANDRE MICHEL REYAJI APRÈ BIWO TIRÈS SENA PRAN POZISYONL SOU FEN MANDA PREMYE MINIS LAN.

Nan twit li fè, pòt pawòl sektè ki pote non sektè demokratik e popilè a, mèt André Michel reyaji poul di diz (10) senatè yo pa gen lejitimite pou mande sekretè palè nasyonal la pote echap prezidansyèl la ba yo paske manda yo fini.

Siyatè akò 11 septanm lan ale pilwen poul di manda prezidan Jovenel Moïse te fini depi 7 fevriye 2021, nan sans lan tirès sena pa gen ap pale de fen manda prezidan Jovenel Moïse.

Nap fè remake, se menm mouche André Michel sa ki te desann nan palman an al chita avèk senatè yo. Nan sans sa, kesyon kap poze èske se ak tit senatè oubyen senp sitwayen palmantè yo te resevwa mèt André Michel ?

 

Ronald Exavier

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Haïti : Un atelier clé pour renforcer la Formation Technique et Professionnelle

Le 11 juin 2025, à l’hôtel Kinam, s’est déroulée la 8ᵉ revue thématique de la …