AYITI/POLITIK: APRE GUY PHILIPPE, LIDÈ PITIT DESSALINES NAN FRAPE PYE LI ATÈ SOU DESIZYON CARICOM AK KÈK ESTRIKTI POLITIK PRAN POU GENYON KONSÈY PREZIDANSYÈL AK 7 MANM NAN TÈT PEYI A.

Apre ansyen kòmandan Guy Philippe ki te fin depatcha desizyon CARICOM ak kèk pati politik nan peyi Dayiti pran pou mete nan tèt peyi a yon konsèy prezidansyèl a 7 manm kote ansyen kòmandan an te mande mesye dam CARICOM yo pou retire kò yo nan sa yo ye a, lidè pitit Dessalines nan Moïse Jean Charles frape pye li atè bò kote pa li.

Nan yon konferans pou laprès jounen mèkredi 13 mas 2024 la, lidè « Pitit Dessalines » nan, Moïse Jean Charles voye jete desizyon sila e fè konnen se yo menm ak Alye yo ki jete gouvènman defakto a yo pa gen pou pran lòd nan men ni alye pouvwa a ni CARICOM.

Pilwen Moïse Jean Charles anonse mouvman an jiskobou, yo pap kanpe, li anonse nan jou ki ap vini yo yo pral enstale yon konsèy prezidansyèl ak 3 manm nan tèt peyi a.

Yon lòt bò lidè ’Pitit Dessalines » nan remèsye kèk manm nan CARICOM ki te gen volonte chita ak yo e ki sipòte pwopozisyon yo a.

 

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Lemond/konfli: Prezidan peyi Kolonbi an leve tout plim sou do prezidan ameriken an, Donald Trump.

Gwo konfli ant prezidan ameriken an, Donald Trump ak prezidan peyi Kolonbi an, @petrogustavo. Konfli …