Nan yon konferans pou la près mèkredi 27 oktòb 2021 an, fòs latibonit 2020 plede an favè yon nouvo gouvènman nan lide pou retire peyi a nan kriz difisil lap travèse a.
Kòdonatè fòs latibonit 2020 an, Makendy Pierre Louis denonse asasina asyen prezidan an, Jovenel Moïse pandanl tap pwofite mande ak wo komandman la polis la pou fè tout sak posib pou kontre kare neg ak zam ki pa sispann fè lalwa Nan peyi an, ranfose frontyè yo ak divès zòn bandi okipe se prensipal mwayen pou peze fren ensekirite a ki gaye nan tout kwen nan peyi an.
Militan politik la te pwofite mande ak PM Ariel Henry pou rejwenn akò 11 septanm lan nan latibonit, nan objektif pou fasilite yon apezman bò kote popilasyon an.
Kòdonatè a ankouraje lokatè primati an, pou fòme yon gouvènman ak enplikasyon epi patisipasyon tout moun, yon gouvènman ki dwe reponn ak ekzijans popilasyon an.
Marie Wanide Nencha Vernois