Nan lane 1804, Ayiti granmoun tèt li. Pèp nwa, ansyen esklav, endepandas lan boulvèse lemonn. Pwofesè Josué Merilien kwè, nan yon konferans pou laprès li bay jounen vandredi 26 mas la, se kò peyi tankou Lafrans, Etazini ak Kanada ap fè sou nou pou nou pa janm konnen sa ki rele byennèt paske nou te oze chanje lòd mondyal ak koze endepandas nou an.
» Ayiti te rive kase chenn lesklavaj, chanje lòd mondyal esklavajis. Nan sans sa, pisans enperyalis yo fè kò sou li pou yo anterè l pou l pa janm soti. Se yon konplo yo fè pou peyi a pa janm anyen », Deklarasyon pwofesè Josué Merilien.
Daprè pwofesè a, gen yon pakèt òganizasyon tankou ONU, OEA ak COREGROUPE se yon pakèt mafya entènasyonal ki pa vle peyi a fon pa kite yon pa nago.
Gen anpil kesyon ki poze sou bon jan relasyon zanmitay ki ta genyen ant Ayiti ak yon pakèt gwo peyi nan monn lan. Sendikalis Josué Merilien pa wè l konsa. Pou li menm, nonsèlman peyi sa yo pa vle byennèt nou, men yo ap pale sou demokrasi ak dwa moun alòske yo ap sipòte diktati an Ayiti.
Jackson junior Rinvil