AYITI/POLITIK : KSV KI SE KONFEDERAYON SIPRÈM VODOU RALE ZÒRÈY PREMYE MINIS DEFAKTO A ARIEL HENRY NAN YON LÈT TOU LOUVRI.

Konfederasyon siprèm vodou ki gen nan tèt li chef kilt vodou ayisyen, ougan Cedral Noelus rale zòrèy premye minis defakto a Ariel Henry pou fè li konnen, ke vodou a genyon moun ki ofisyèl nan tèt li, an menm tan mande li pou pran men li ak jan lap jere moun ki te siyen akò a ke yo menm tou yo te siyen.

Nan yon lèt tou louvri sa, (KVS) ki se konfederasyon siprèm vodou fè konnen se ougan Cedral Noelus ki reprezante sektè a, tout sa kap fèt nan peyi a ke vodou a dwe reprezante ladann, pa ka fèt san chef yo ki se Cedral Noelus. Pilwen, yo denonse yon gwoup moun ki ta itilize non sektè a pou voye moun al reprezante vodou a nan KEP a san yo pa okouran.

Yo tou pwofite raple mouche Ariel Henry ke yo te siyen akò 11 septanm 2021 an se pou popilasyon te kapab rale yon souf nan kalamite ke yap viv dènye tan sa yo.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Les employés de l’ONA unis pour défendre leur institution et leur Directeur Ronald Bazile face aux pressions politiciennes

Ce mardi 17 juin 2025, les employés de l’Office National d’Assurance-Vieillesse (ONA) ont organisé une …