AYITI/POLITIK : MILITAN SOLINO YO FRAPE PYE YO ATÈ POU DI SE TWÒP ATÒ POU JAN DEFAKTO ARIEL HENRY AP MENNEN BAK PEYI A AK YON TI GWOUP MAFYA.

Byen bonè maten lendi 20 desanm 2021 an, militan Solino yo frape pye yo atè pou fè defakto Ariel Henry respekte angajman li epi denonse jan pouvwa ap separe an ti zanmi pandan yo menm yo te siyen akò a, yo bliye yo.

Pou te fè tande vwa yo, militan yo mete barikad, boule kawotchou nan plizyè kwen, mouvan sa ki jwenn sipò fòs, Alfa 3 ki se manm CONAFPODHA CNSCA pa deside bay legen. Militan Yvenson Samedi ki tap pale nan mikwo laprès bay Ariel 3 jou pou respekte sa ki te di nan akò a.

Nap raple Solino se sèl kote pami zòn defavorize yo ki pa janm nan fè dezòd depi yon bon bout tan, se la tou machin pase pou evite blokis ak zòn sanfil ki te bloke depi plis pase kat (4) mwa.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Les employés de l’ONA unis pour défendre leur institution et leur Directeur Ronald Bazile face aux pressions politiciennes

Ce mardi 17 juin 2025, les employés de l’Office National d’Assurance-Vieillesse (ONA) ont organisé une …