« Plateforme Politique Résistance » ki gen ti non RED, voye yon manda jounen mèkredi 21 fevriye 2024 la bay mouche Ariel Henri pou li kite primati a rapid vit.
Manda sila bay Ariel Henri yon jou fran pou li ranmase bakanklen li e depoze kle a. platfòm nan ki pran desizyon sa, chita sou atik 21 nan akò 21 desanm 2022 a ki pran fen 7 fevriye 2024 ki sot pase a, selon yo mouche Ariel pa gen ni dwa ni kalite pou li rete nan primati a ankò.
Nou ap fè ou konnen platfòm sila gen ladan li plizyè pati ak òganizasyon tankou « Haitiens pour Haïti », AMEN, PSUH, EDE, MOUN, RJD, MJB pou site kèk nan yo.