AYITI / POLITIK : PLIZYÈ LEADER REYAJI SOU DEMISYON PREMYE MINIS JOUTHE JOSEPH 

Demisyon ansyen premye minis Jouthe Joseph, nan nan lannwit madi  pou louvri mèkredi 14 Avril 2021 an, pa kite klas politik peyi Dayiti a diferan.

Kòdonatè pati gran rasanbleman evolisyon Ayiti ( GREH) ansyen kolonèl Himler Rebu, daprè li pat gen lòt mwayen ke demisyon ansyen PM Jouthe Joseph, akoz li te fè yon seri deklarasyon ki pat anfavè pouvwa sitou sa li te fè nan depatman nò semèn pase a.

Pou senatè lwès Pierre Paul Patrice Dumond, fè konnen demisyon premye minis Jouthe la pap kapab pote okenn amelyorasyon nan kriz la k ap brase bil peyi a.

Palmantè a ki deklare prezidan repiblik la Jovenel Moïse pagen okenn kapasite pou rezoud kriz Aktyel la.

Pòt pawòl pati politik ayisyen tèt kale a ( PHTK) Roody Herivau, di li regret le fèt ke ansyen PM lan pat gentan fè anyen pou rezoud pwoblèm ensekirite a ak kriz politik la, mouche Herivau ki pwomèt pouvwa anplas la pral kontinye travay pou amelyore sitiyasyon malouk peyi Dayiti.

Dieuva Occidor .

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Les employés de l’ONA unis pour défendre leur institution et leur Directeur Ronald Bazile face aux pressions politiciennes

Ce mardi 17 juin 2025, les employés de l’Office National d’Assurance-Vieillesse (ONA) ont organisé une …