AYITI/POLITIK: PROPHETE BERGER MODERNE VIZE SENA AYISYEN AN POU POTE MOUN KAP VIV NAN GETO YO SEKOU

Jean Gonzales Diamison Théodore ke tout moun konnen sou non Prophète Berger Moderne deklare nan emisyon pawòl la pale sou radio Echojounal jounen samdi 16 jiyè 2022 a ke li ap kandida pou senatè depatman lwès nenpòt lè eleksyon fèt nan peyi a.

Prophète la pran desizyon sa selon sa li di pèp la ap soufri anba lavi chè, ensekirite, kidnapin chomaj pa gen okenn moun kap defann yo. « Pou yon bokit dlo ap vann 25 goud, pouw anfème yon ti chanm kay nan pri ki pi ba a ou dwe gen 100 mil goud » eksplike Prophète la ak yon vwa tris.

Prophète la di li pa konn priye ak moun ni fè gerizon pou lajan, li ale pi lwen pou li di nan legliz pa li, li pa fè ofrand, Bondye ba li yon misyon pou li sèvi epi ede moun kap soufri e ki nan bezwen yo.

Pou rezoud pwoblèm pèp la e bay peyi a yon lòt vizaj, Prophète Berger Moderne detaye nan emisyon « Pawòl la pale » yon pwogram twa pwen ke li batize ACE ki vle di Agrikilti, Konstriksyon, edikasyon.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Les États-Unis sanctionnent un gang vénézuélien supposément lié à Nicolas Maduro

Le département américain du Trésor a annoncé vendredi des sanctions contre le « Cartel de …