Yon ti tan apre premye minis defakto a, Ariel Henry fin fè konnen gouvènman li an pap fè wonn pòt 7 fevriye 2022 kap vini la, sekretè deta adjwen peyi Etazini an Brian Nichols fè yon gwo deklarasyon sou avni gouvènman defakto a.
Sekretè a deklare sou medya @VOAKreyòl ke manda gouvènman defakto a pap rive nan bout li 7 fevriye 2022, li avanse pou li di se aktè yo ki pou antann yo pou rezoud kriz politik la ki ap sakaje bil pèp ayisyen an.