AYITI/POLITIK/ZEN: PATI POLITIK INITE MANDE ARIEL HENRY POU LAGE PYE LI RAPID VIT.

Pati politik INITE mande ak premye minis defakto a, Ariel Henry pou lage pye li nan tèt primati a epi mete li disponib pou lajistis.

Pati a pran desizyon sa, apre Rodolphe Jaar,youn nan prezime asasen ki akize nan touye ansyen prezidan repiblik la Jovenel Moise  fin gaye wonn nan, nan yon seri revelasyon ki mete premye minis defakto a toutouni. INITE mande pou lajistis jije mouche Ariel epi mete men nan pat kasav tout lot konplis yo pou bon jan limyè ka fèt nan dosye a.

Nap raple Ariel Henry, Jhon Joel Joseph, Joseph Felix Badio ki gen dwèt yo tranpe tout longè nan asasina ansyen prezidan Jovenel Moise se manm pati politik INITE.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Haïti : Un atelier clé pour renforcer la Formation Technique et Professionnelle

Le 11 juin 2025, à l’hôtel Kinam, s’est déroulée la 8ᵉ revue thématique de la …