*AYITI / POLITIK :ZOULA: »YON PATI POLITIK KI GEN MISYON TRAVAY AK PÈP AYISYEN POU LI ELIMINE TOUT SA KI PA BON NAN PEYI A « 

Zouti pou yon lòt Ayiti ( ZOULA), se non yon  pati politik ki gen anblèm li ki se yon pye Mango ki lanse ofisyèlman jounen samdi 13 mas 2021 an.

Délice pierre Dieudonné, kowòdonatè jeneral zoula, fè konnen zoula gen pou misyon travay ak pèp ayisyen an pou li kapab elimine tout sa ki pa bon nan peyi a.

Zoula ki gen pou objektif travay pou ankadre sa ki pi mal yo epi li vize pran pouvwa nan tout nivo .

Pati politik zoula prale nan eleksyon nan tout nivo  sa vle di li  vize fè eleksyon ak tout kouch nan popilasyon an se deklarasyon kowòdonatè jeneral zoula a, nan konferans pou laprès li bay jounen samdi 13 mas la.

Òganizasyon sa pran nesans 20 dawout 2018, zoula, daprè mesye Pierre Dieudonné, se premye pati politik ki pral travay pou retire peyi a nan sa l ye a.

kowòdonatè a fè konnen, Jovenel Moïse se yon ansyen prezidan defakto  se zam ki fè li la nan tèt peyi a toujou .

 

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …