AYITI / REFERANDÒM : MANM OPOZISYON AN NAN KOMIN ENCH FÈ ECHÈK AK REFERANDÒM LAN .

Plizyè manm opozisyon an nan komin Ench bòykote atelye travay sou referandòm lan konsèy elektoral pwovizwa te ap reyalize nan depatman Sant lan jounen nèf (9) Me 2021 an.

Atelye deba ak echanj lan ki t ap fèt anba je reprezantan andikape nan KEP a, konseye mèt Arlext Louis Noël, te oblije kanpe akoz avoka manm bawo Ench yo ak kèk reprezantan ak manm pati politik nan opozisyon an depatman Sant lan, te antre nan lokal kote atelye a tap fèt la epi anpechel kontinye .

Pwotestatè sa yo ki apiye kò yo sou atik 284-3 konstitisyon mil nèf san katreven sèt (1987) la, ki di kòman pou yo amandel ak chanjel. Nou ap siyale, malgre tout mouvman sa yo pouvwa toujou kenbe dat 27 jen 2021 pou reyalizasyon referandòm lan nan peyi Dayiti.

Dieuva Occidor.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Les employés de l’ONA unis pour défendre leur institution et leur Directeur Ronald Bazile face aux pressions politiciennes

Ce mardi 17 juin 2025, les employés de l’Office National d’Assurance-Vieillesse (ONA) ont organisé une …