AYITI/REVOKASYON: EUDES LAJOIE PÈDI DJÒB LI APRE YON PALE ANPIL POU YON KAY LI TE PRAN A GWO PONYÈT.

Direktè jeneral SNGRS Eudes Lajoie pèdi djòb li apre yon gwo bouch louvri ant li ak Monnevieve Germain pou yon kesyon kay nan zòn Bèlvil.

Yon dosye ke lajistis pat pran tan pou te rezoud kote yo mete ansyen ansyen DG Eude Lajoie deyò nan kay la ke li te pran ak gwo ponyèt epi remèt Monnevieve Germain kay li, yon dosye ki te fè gwo pale anpil sou rezo sosyo yo.

Kèk jou apre eskandal sa palè nasyonal nan tèt kole ak primati pran desizyon mete kanpe lwen Eudes Lajoie epi ranplase li touswit pa ansyen delege senmak la Jean Rony DUVELSAINT.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Pays-Bas : Le gouvernement demande aux parents d’interdire les réseaux sociaux avant 15 ans 

Le gouvernement néerlandais recommande aux parents d’interdire les réseaux sociaux aux moins de 15 ans …