AYITI/REYAKSYON: CHÈF KILT VODOU A NAN PEYI DAYITI REYAJI SOU TWIT PREZIDAN REPIBLIK LA KI KONSTATE KADISITE PALMAN AN.

Chèf kilt vodou ayisyen an ki asèmante e ki rekonèt pa leta ayisyen ougan Cedral Noëlus felisite prezidan repiblik la Jovenel Moïse ki konstate kadisite palman an epi ki pran ak de vid enstitisyonèl apre depite yo fin fè valiz yo ak 2/3 nan senatè yo.

Selon chèf kilt la, palmantè yo pa tap regle anyen pou pèp la ki te ba yo pouvwa a, li pwofite mande pou opozisyon an ak tout sektè nan vi nasyonal la pou pran konsyans epi mete tèt ak prezidan an nan bon jan dyalòg pou mete yon gouvènman solid pou bay popilasyon an yon souf anba tout kalte soufrans mizè tribilasyon ke yap sibi depi yon bon bout tan epi pou fè bon jan eleksyon nan peyi a.

Chèf kilt la ankouraje anbasad peyi Etazini ak plizyè lòt pou toujou kanpe nan kan pèp ayisyen nan ede tout pitit peyi a pou chita ansanm jan yo te toujou mande sa depi nan kòmansman kriz la, chèf kilt la di ayibobo pou yo.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Haïti : Un atelier clé pour renforcer la Formation Technique et Professionnelle

Le 11 juin 2025, à l’hôtel Kinam, s’est déroulée la 8ᵉ revue thématique de la …