AYITI SENDOMENG: SITYASYON AN TOUJOU BLOKE SOU FWONTYÈ A APRE ATAK SOLDA DOMINIKEN YO.

Aktivite komès yo toujou pa fonksyone , ayè lendi 20 out 2018 la sou fwontyè Elyas Pinya ak beladè ( plato santral).

Sitwayen ki nan zòn nan te mete anpil barikad pou bloke lari a nan lide pou leta ayisyen ranmase enskanpe figil devan repiblik dominiken.

Rezo fwontale Jeannot siksè mande jistis ak reparasyon pou konpatriyòt ayisyen yo ki viktim anba bal sòlda dominiken samdi pase a.

Ofisye kominikasyon Rezo a , Pizo Bien-aimé , esplike sitwayen yo fè leve kanpe sa pou mande jistis ak reparasyon pou moun ki blese yo nan moman sòlda dominiken te vin tire sou popilasyon an aprè yon chofè ayisyen pat kadò bay yon sòlda lajan anba tab pou travèse ak yon kamyon siman.

Yon lòt kote Majistra prensipal beladè a , Macklish Ledoux anonse yon rankont jodi Madi 21 out la ak reprezantan (2) de peyi yo pou diskite sou kouman lapè kapab retounen sou fwontyè a.

Kervens Louis

Kervenslouis459@gmail.com

+509 44120020

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …