AYITI/SITWAYEN: PIERRE FRANCOIS SILDOR YON SITWAYEN KI TOUJOU PRÈ POU METE SÈVIS LI DISPONIB POU PEYI A.

Apre plizyè pakou men longè nan plizyè enstitisyon piblik nan peyi Dayiti e nan yon pwojè koperasyon entènasyonal, Pierre Francois SILDOR te fè chwa pou l pote sèvis li nan palman ayisyen an apre li te fin fè konsta ke depatman Sid la kote li soti.

Pierre Francois Sildor ta pral genyen eleksyon 2016 yo anba banyè pati ayisyen tèt kale PHTK kote popilasyon gran sid la te chwazi li kòm senatè pou volonte li ak sans angajman li o depan de kandida lavalas la Fritz Carlos Lebon.

Rive nan palman an Pierre François Sildor te antre nan plizyè komisyon tankou finans, tptc, afè etranjè e li te nan komisyon ki te chaje pou etidye dosye premye minis nome a Jean Michel Lapin. Li te vis prezidan nan sena a sou Prezidans Joseph Lambert. Li toujou eseye prezan ak lòt kòlèg yo men li pat konn pran plezi nan konpòtman kèk senatè ki te souvan absan pou travay la fèt.

Apre 18 mwa ke peyi bloke ak kriz politik, Sena pat fonksyone e anpil travay pa fèt . Nan yon eleksyon dapre regleman enteryè Sena onorab senatè yo monte yon nouvo biwo, yo eli Pierre François SILDOR Prezidan14 janvye 2020.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …