AYITI/SOSYETE: 10 FANM ONORE NAN LAVÈY JOUNEN 8 MAS LA.

Direksyon depatmantal ministè kondisyon fanm ak dwa fanm Nip nan tèt kole ak sant Devlopman ak la sante (CDS), onore jounen dimanch 7 mas 2021 an 10 fanm ki sòti nan 11 komin depatman an ki ap fè bon bagay nan sosyete a.

Direktris depatmantal ministè a Serette Devalcy, fè konnen li onore 10 fanm sa yo alavèy jounen entènasyonal lit pou repekte dwa fanm yo 8 mas la, se pou kapab ankouraje medam yo nan kontinye travay pou fè dwa yo respekte.

Reprezantan sant Devlopman ak lasante a (CDS) Ricardo Robert Charles, deklare CDS pote bourad li nan aktivite onè ak merit sa gras ak (CERF epi OIM) nan kad yon pwogram pou lite kont vilnerab fanm yo parapò ak maladi Kowonaviris la.

2 nan fanm onore yo, ansyèn komisè gouvènman Mèt Yves Gertha Zéphyr , remèsye direksyon ministè kondisyon fanm nip lan pou distenksyon sa a épi pwomèt pou kontinye travay nan fè respekte dwa fanm yo.

Mekanisyèn Kawoutyoumann fanm lan Martine Châtaigne, di li kontan pou plak ke li bay anpil valè paske li di: » mwen pat panse travay kòm fanm nan ranje kawoutyou te gen valè pou lòt moun, m ap pwofite mande ak gouvènman pou fèm kado yon machin ki mache ak kouran poum ka travay pi byen « .

Pou fini, reprezantan pouvwa egzekitif la nan depatman nip delege Morel Esperance Berard, mande medam yo pou kontinye lite pou fè respekte dwa yo e mande yo kontribisyon yo nan ede rezoud pwoblèm ensekirite ak kidnapin lan, lè yo voye je sou pitit yo ak mari yo ki nan Kay la ak yo.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

« Haïti ne peut continuer d’être punie pour avoir arraché sa liberté », déclare le président brésilien Lula da Silva au Sommet Brésil-Caraïbes

Brasília, vendredi 13 juin 2025 — Lors du Sommet Brésil-Caraïbes organisé ce vendredi dans la …