AYITI/ SOSYETE:  » FÒS GRAN SID », NON YON NOUVO MOUVMAN KI LANSE NAN GRAN SID LA

Plizyè sitwayen ki ap viv nan rejyon Palm, depatman Nip, Sid ak Grandans lanse jounen jedi 4 fevriye 2022 a, « Fòs Gran Sid« , yon mouvman ki vle demaske planifikasyon mafya nan kapital peyi Dayiti ap fè pou diminye popilasyon ki ap viv rejyon Gran Sid la.

Nan yon rankont ak laprès responsab yo nan « Fòs Gran Sid » la, denonse Leta santral, gwo chabrak ekonomik nan Pòtoprens ki kreye ensekirite jeneralize nan rantre Sid kapital la Matisan, pou pèmèt popilasyon nan Gran Sid la depanse plis lajan sil ta vle rantre nan Pòtoprens ou byen voye al achte.  » Nèg yo fabrike yon Matisan pou anpeche moun nan rejyon Gran Sid la respire, si yon malere gen yon ijans nan Miragwàn, Ansavo, Baradè ak lòt komin ki nan rejyon an aprè plizyè kilomèt kouri machin ap peye 315 dola ameriken lajan avyon pou ka rantre nan Pòtoprens », daprè sa Jack Noël Mackenzie, presize nan nòt ki t ap li pou laprès la.

Pou fini, responsab « Fòs Gran Sid » yo prezante yon bann potansyèl rejyon an genyen tankou plaj, waf, bèl otèl elatriye ki ret ap gaspiye akoz yon Matisan ki tounen labatwa pou yo. Mouvman « Fòs Gran Sid », ki kwè sa pap ka pase konsa anonse ak otorite nan Leta Santral si yo pa fè anyen nan jou k ap vini la modòd yo pral bay.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Haïti : Un atelier clé pour renforcer la Formation Technique et Professionnelle

Le 11 juin 2025, à l’hôtel Kinam, s’est déroulée la 8ᵉ revue thématique de la …