AYITI /SOSYETE : PLIZYÈ FANM NAN KOMIN ANSAVO MAKE JOUNEN 8 MAS LA.

Sou inisyativ oganizasyon fanm pou chanjman Dayiti (OFCDA) plizyè fanm nan komin ansavo, mache jounen 8 mas la nan lari komin nan pou make jounen entènasyonal lit pou respekte dwa fanm yo.

Fanm sa yo ki te gen pankat ki ekri divès mesaj revandikasyon tankou : respekte fanm yo, nou pa gen kouran, nou pa gen dlo, aba kidnapin.

Kòdonatris OFCDA Immacula Pierre, fè konnen prezans yo nan lari nan komin Ansavo se pou kapab pote revandikasyon fanm yo, militant lan ki mande ak gouvènman pou voye je sou komin ansavo ki pa gen yon bon lopital lè pou fanm yo akouche .

Kòdonatris OFCDA Immacula Pierre, pi lwen ki mande medam yo pou kontinye batay pou rive fè dwa yo respekte tout bon nan peyi a, li ankouraje medam yo pou ale patisipe nan eleksyon kòm kandida nan lide pou pote pwojè medam yo.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …