AYITI/SOSYETE: PLIZYÈ GWO PÈSONALITE TE NAN GRANDANS POU KOMEMORASYON JOUNEN NASYONAL BATAY FANM YO AN AYITI.

Jan sa te anonse depi kèk jou, ministè kondisyon feminin ak dwa fanm te komemore jounen madi 6 avril 2021 an, nan depatman Grandans, jounen nasyonal batay fanm yo an Ayiti.

Seremoni an te dewoule nan fwaye kiltirèl nan Jeremi nan tèt kole ak mouvman fanm yo pou devlopman Grandans anba tèm  » Le leadership féminin pour un futur égalitaire et paisible en Haïti dans un monde de la covid-19″.

Premye dam repiblik la, Martine Moïse ak 2 konseye elektoral se kèk nan gwo pèsonalite ki te nan seremoni sila ministè kondisyon feminin pou dwa fanm te òganize.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

AYITI/DINEPA: DINEPA ADRESE LI AK POPILASYON AN.

Nan yon avi ki pote dat 21 janvye 2025 « DINEPA » adrese li ak popilasyon an …