AYITI/ SOSYETE: PLIZYÈ POLISYE RESEVWA PLAK ONÈ AK MERIT NAN DEPATMAN NIP

Sou inisyativ direksyon depatmantal polis Nip, plizyè polisye onore jounen mèkredi 29 desanm 2021 an, nan kad yon aktivite Lapolis Nip reyalize pou onore divès polisye ki ap fè bon travay nan depatman an.

Seremoni aktivite sa ki te reyalize nan komin Miragwàn nan prezans prezidant komisyon minisipal Miragwàn lan, Anne Myriame Loiseau, komisè gouvènman jiridiksyon an mèt Jean Ernest Muscadin, plizyè manm nan aparèy jistis la ak lòt manm nan kominote a.

Direktè depatmantal (PNH) Nip lan, komisè divizyonè Asserne Selmon, fè konnen inisyativ te pran se pou te kapab moutre yo direksyon polis la toujou ap swiv kijan yo ap travay nan mitan kominote a.

Pilwen, komisè Asserne Selmon, raple polisye sa yo ki jwenn lèt felisitasyon ak plak onè sa se rekòl travay yo.

Komisè gouvènman jiridiksyon Miragwàn lan, Jean Ernest Muscadin, felisite direksyon depatmantal polis Nip ki deside prezante larekonesans bay polisye sa yo, pandan li pwofite ankouraje polisye sa yo pou kontinye nan travay yo epi lòt yo pou swiv tras polisye sa yo.

N ap siyale, pami polisye ki resevwa larekonesans yo gen responsab operasyon nan direksyon depatmantal polis Nip lan, Enspektè Charles François, pòt pawòl la Astrel Calixte, ansyen pòt pawòl polis Nip Wisnel Décembre ak polisye fanm Natacha Décembre.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Les employés de l’ONA unis pour défendre leur institution et leur Directeur Ronald Bazile face aux pressions politiciennes

Ce mardi 17 juin 2025, les employés de l’Office National d’Assurance-Vieillesse (ONA) ont organisé une …