AYITI/SOSYETE: »NOU DWE ANGAJE NOU PI PLIS POU DWA FANM AK EGALITE GASON Yo  RESPEKTE »

Nan okazyon jounen 8 mas la ki se jounen entènasyonal dwa fanm, premye minis Jouthe te pwofite okazyon sila a sou paj fesbouk li pou li raple angajman ki dwe pran nan lide pou dwa fanm respekte nan sosyete a.

An Ayiti, malgre anpil jefo ki fèt nan batay pou egalite fanm ak gason, gen yon satisfaksyon ki poko jwenn. Batay la poko fini. Nan sans sa, premye minis la fè konnen dwe gen angajman ki pran pou respekte egalite gason ak fanm.

N ap raple, 8 Mas la se jounen entenasyonal dwa fanm. Li se yon jounen kote anpil refleksyon ap fèt sou koze dwa fanm ; sou yon pakèt batay fanm mennen an Ayiti osnon nan monn lan pou dwa yo respekte.

Jackson Junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …