Direksyon santral polis jidisyè (« DCPJ») mete anba kòd mèt Robinson Pierre-Louis, jounen vandredi 22 jiyè 2022 a, ki se manm kabinè minis jistis ak sekirite piblik la mèt Berto Dorcé nan kad ankèt k ap mennen nan dosye kagezon zam ki te debake nan dwàn Pòdepè a nan dat 1 jiyè pase a.
Mèt Robinson Pierre-Louis gen akizasyon sou dol kòm moun ki te bay lòd pou libere de (2) moun ki te jwenn arestasyon yo nan kad dosye sa.