AYITI/ZEN/MOBILIZASYON: « PA GEN OKENN KOLERA VRE SE YON PLAN POU KRAZE MOUVMAN AN » DEKLARE YON KOWÒDONATÈ

Kowòdonatè pati MANMAN an, Monax Brutus deklare apre midi dimanch 2 oktòb 2022 a nan mikwo Echojounal pa gen kolera vre men se pito yon estrateji politik pou febli mouvman popilè a.

Kowòdonatè a fè deklarasyon sa tou swit apre ministè sante piblik fè konnen yo dekouvri kèk ka kolera, li mande popilasyon pou pa pran nan plan sa pou kontinye mobilize pou premye minis defakto a, Ariel Henri kite pouvwa a prese prese.

Pilwen, kowòdonatè a poze tèt li kesyon pou kisa se Site solèy yo jwenn ka Kolera a? pandan Site a jwe yon gwo wòl nan mouvman kap fèt pou derasinen gouvènman defakto a.

Yon lòt bò Monax Brutus rekonèt sityasyon moun yo ap viv nan site a, nan geto yo ak plizyè kwen nan peyi a pa bon, sa ka koz yo malad men si yo pa regwoupe pou mete mouche Ariel Henri deyò se lè sa pral gen kolera, se lè sa yo pral mouri, solisyon an se mobilize san pran souf.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Haïti : Un atelier clé pour renforcer la Formation Technique et Professionnelle

Le 11 juin 2025, à l’hôtel Kinam, s’est déroulée la 8ᵉ revue thématique de la …