BATAY KONT DIKTATI, OPL ÒGANIZE YON KONFERANS DEBA AK EKSPOZISYON FOTO.*

Òganizasyon pèp k ap lite ( OPL) òganize, jounen vandredi 26 mas la yon konferans deba kont diktati e an menm tan yo mande respè konstitisyon an.

kòdonatè jeneral OPL  Egdar Leblanc fils nan yon entèvansyon li fè nan mikwo laprès fè konnen Jovenel Moïse konsantre pouvwa tout politik yo nan men l, sa ki se youn nan karakteristik diktati.

« Genyen yon klima laperèz ki tabli nan peyi a avèk jan gang yo federe nan kapital la », pawòl kritik kòdonatè jeneral la.

Konferans sila a se te tou yon devwa memwa pou anpil moun, nan sans te gen ekspozisyon foto ki te fèt sou peryòd Duvalier a nan lide pou moutre jenn yo kisa ki te diktati a; te gen konferans- deba sou diktati ; te gen atis angaje Keb ki te la.

Daprè mesye Egdar, aktivite a òganize parapò ak van diktati prezidan Jovenel Moïse ap soufle sou peyi a depi apre li te fin pran yon dekrè pou l te voye palman an ale a.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …