CHEZ BAZ: TOUT SA KAP DOMINE AKTYALITE A NAN PEYI DAYITI.

Konpayi avyon American Airlines anonse apati de 3 novanm 2018 kap vin la ke yap anile tout vòl ki te konn soti nan Èpòt peyi Dayiti pou ale New York-JFK ak Fort Lauderdale.

Plizyè jounalis viktim de zak gwo ponyèt ajan sekirite palman an lendi 20 out 2018 la nan moman ajan DCPJ ak BRI tap tante al tande ajan sekirite ki te fè de nwi nan palman an nan kad ankèt kap mennen sou atak ki ta fèt nan palman an, ajan sekirite yo ki pat aksepte pou ajan DCPJ ak BRI yo ale ak frè dam yo te fèmen baryè e fè presyon pou libere sekirite yo. Jounalis ki te prezan pandan konfli a pat epanye anba men sekirite yo ki te pran jounalis yo anba kalòt kraze kamera yo e menm menase pou ta tire jounalis yo.

 

Anfen yon komisyon nèf (9) manm kreye nan chanm depite a pou etidye dosye premye minis nome a Jean Henry Ceant.

 

Ansyen minis sante piblik Michaëlle Amedé Gédéon mouri jodi mèkredi 22 out 2018 la nan lopital Bernard Mevs apre li te fin viktim nan yon aksidan machin ayè madi a sou wout nasyonal #2 a.

 

Lapolis nan depatman nò a mete anba kòd Ferdinand Bebeto ki gen 36 lane ak Saül Étienne nan kad ankèt kap mennen sou lanmò madam Joseph Anolda yon anplwaye sèvis imigrasyon kite resevwa 11 bal 14 jiyè 2018 pase a.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Haïti : Un atelier clé pour renforcer la Formation Technique et Professionnelle

Le 11 juin 2025, à l’hôtel Kinam, s’est déroulée la 8ᵉ revue thématique de la …