DIREKTRIS LOTRI LETA DAYITI (LEH) MAGARETH FORTUNÉ PWONONSE’L SOU LANMÒ GABRIEL CABRERA

Nan yon nòt li fè soti jounen mèkredi 16 janvye a, Magareth Fortuné dil aprann avèk anpil doulè , tristès lanmò mesye Michel Cabrera
tout moun konnen sou non Papito.
Madam Fortuné kondane ak tout fòs zak asasinay sila. Li mande ak otorite nan lapolis ak lajistis pou yo demele kou mèt janjak pou jwenn moun ki touye bizisman lan.

Pilwen direktris la prezante kondoleyans li bay fanmi, anplwaye , zanmi ak tout lòt moun lanmò sa afekte.

Aprè nèg ak zam te fin vide direktè paryaj pam lan Patrick Narah atè madi 8 janvye ki sot pase a , jou pou jou madi 15 janvye a Rony Sénatus (Roro) yon antreprenè ki bay sèvis nan koze transfè lajan ta pral pèdi lavil nan antre bisnis li nan vil Gonayiv
Epi san bliye 16 janvye a 3yèm antreprenè a Michel Cabrera Gabriel ki se pwopriyetè bank bòlèt santral ta pral pèdi lavi’l Okap nan Ri 15L.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Mexique: Découverte de 381 corps abandonnés dans un crématorium

Des enquêteurs ont retrouvé 381 cadavres entassés dans un crématorium privé de Ciudad Juárez, dans …