_Moun aprann ak tout laj. Se sa yon endyèn ki aprann li ak ekri pandan li gen 104 lane pwouve nan peyi End. Li pase tès alfabetis li. Yon rèv li t ap karese depi l te jenn fanm._
Long cheve blan, do l koube lè l ap mache li rele Kuttiyamma. Ak 104 lane, sa gen kèk semèn depi fanm sa ki ap viv nan Sid peyi End jwenn diplòm gouvènmantal alfabetizasyon apre yon lane li pase ap aprann.
« M te toujou vle aprann, men paranm te marye m depi lè m te gen 16 lane. Sa vin lakoz, tach menajè yo te pran tout tanm. Dènyeman, pandan pitit pitit mwen yo ap etidye, m chita bò kote yo epi m ap gade yo. Yon pwofesè wè enterè m gen pou sa epi li pwopoze m pou m etidye tou », daprè sa l rankonte nan BBC.
Woutin li chanje. Chak maten, Kuttiyamma chita pou l li yon jounal ekri nan lang li ka li kounya ki se malayalam pandan 2è. Objektif li kounya se pase egzamen katriyèm ane primè. Pou sa, li dwe etidye matematik ak anglè, rapòte RFI.
Jackson junior Rinvil