Otorite nan peyi End arete de (2 )makak enplike, nan sousi vanjans, nan lanmò 250 chen nan vilaj Bid, daprè ajans endyen ANI.
Gen yon lagè ant chen ak makak nan yon lokalite ki pote non Vilaj Bid nan eta endyen « Maharashtra » ki eklate depi de (2) mwa. Pandan tan sa, nan sousi pou yo vanje gen de (2) makak ki touye 250 chen.
« De (2) makak sa yo jwenn arestayon yo pa yon ekip depatman forè Nagpur nan vilaj Bid », esplike Sachin Kand, yon ajan sèvis nan forè Bid. Otorite yo libere makak yo nan yon lòt forè nan lide pou lagè a ka kanpe.
Yon lòt kote, nan sousi pou esplike sa ki pase a, otorite endyen yo fè konnen sa gen plis pase de (2 ) mwa depi yon pakèt Chen te touye yon makak nan rejyon Bid la. Donk aksyon makak yo poze an retou a se vanje yo ap vanje.