GANA/RELIJYON: LAPOLIS NAN PEYI GANA LAGE KOUKOUWOUJ DÈYÈ TOUT MOUN KI AP BAY PWOFESI NAN SOYETE A

Otorite nan peyi Gana pandan fen desanm 2021 an anonse tout moun yo rekonèt ki koupab nan kreye » tansyon ak panik » nan mitan popilasyon an akoz koze pwofesi apokaliptik riske pran 5 lane prizon. Desizyon sa pran nan sousi pou mete bout ak yon pakèt vye previzyon pou lane 2022 a.

Dezomè, pastè ak pwofèt yo ap kenbe revelasyon yo pou yo lè yo fè yo. Lapolis ganeyèn deklare yo vle mete fen nan deklarasyon ki kapab twouble lòd piblik sa vle di, deklarasyon san prèv tankou yon pwofèt prevwa yon atak teyoris pandan koup Afrik Nasyon an.

Fòs lòd yo ap pase nan krib tout sèmon yo e ap gen pouswit jidisyè kont tout derapaj.

Desizyon sa leve plim sou do yon pakèt moun nan legliz pwotestan. Gen moun ki fè konnen Lapolis vle dikte prèch yo, gen lòt ki di lalwa Bondye pi wo pase pa lèzòm, rapòte RFI.

 

Kredi foto: The Gardian

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Haïti : Un atelier clé pour renforcer la Formation Technique et Professionnelle

Le 11 juin 2025, à l’hôtel Kinam, s’est déroulée la 8ᵉ revue thématique de la …