Ministè le1dikasyon nasyonal, nan yon nòt pou laprès li mete deyò Lendi 10 Me 2021 an, envite tout aktè ak patnè l li yo pou yo angaje nan batay k ap fèt kont tout fòm vyolans nan sosyete a._ Envitasyon pou batay kont vyolans lan vini bò kote ministè ledikasyon …
Li Plis »AYITI/ POLITIK : PARTI POLITIK REFÒMIS KRITIKE JESYON KI FÈT NAN PEYI AN DEPI LÈ GEN YON GWOUP MOUN APATRID NAN TÈT LI, MEN PWOPOZE TOU.*
Pati politik refòmis, nan yon dokiman, kritike jesyon ki fèt nan tèt peyi a depi lè yon gwoup moun apatrid, magouyè ki san pèsonalite mare sosis yo ak kominote entènasyonal la pou rive pran pouvwa a. Daprè pati politik refòmis, lide pou gen yon lòt konstitisyon san pa gen yon …
Li Plis »AYITI/POLITIK:ADMINISTRASYON MOÏSE-JOSEPH LAN ENSTALE NAN PALÈ NASYONAL MANM KOMISYON ASISTANS LEGAL YO
Nan lide pou tout moun ka jwenn jistis ak goumen kont detansyon prevantiv pwolonje nan peyi a, administrasyon Moïse- Joseph mete sou pye konsèy nasyonal asistans legal._ Nan peyi Dayiti, toupatou gen inegalite sosyal, epi se moun « zafè pa bon » ki plis viktim. » Konsèy nasyonal asistans legal la se …
Li Plis »AYITI/SANTE:MINISTÈ SANTE PIBLIK AK POPILASYON MONTRE AKLÈ PA TE JANM GEN KOWONAVIRIS NAN PEYI A.
Tout moun kapab sonje kantite dispozisyon gouvènman Jouthe Joseph la te anonse nan lide pou te fè fas ak kowonaviris la, lè sa nou te nan mwa ane 2020. Tout administrasyon te an branl,anpil mezi te anonse nan lide pou te limite pwopagasyon maladi a si toutfwa li ta antre …
Li Plis »DETANSYON PREVANTIV PWOLONJE, KOLEKTIF DEFANSÈ PLIS MANDE POU PLIS SEYANS FÈT AVÈK OU SAN ASISTANS JIRI NAN TRIBINAL YO.*
Nan yon nòt pou laprès kolektif defansè plis fè soti jounen Jedi 6 Me 2021 an, yo ankouraje otorite lajistis yo pou pran tout mezi apwopriye pou gen plis seyans asiz kriminèl ki fèt nan tribinal yo avèk osnon san asistans jiri nan sousi pou konbat detansyon prevantiv pwolonje k …
Li Plis »AYITI/ SOSYETE : DIVÈS AKTIVITE REYALIZE NAN KOMIN MIRAGWÀN POU MAKE JOUNEN FÈT AGRIKILTI AK TRAVAY LA .
Divès aktivite reyalize jounen premye Me 2021 an nan okazyon fèt agrikilti ak travay la nan komin miragwàn pami aktivite sa yo konferans deba nan sant inivèsite yo ak distribisyon plantil. Sant Inivèsite piblik nip (UPNIP) òganize yon jounen konferans deba anba tèm » entrenir un environnement sain pour une …
Li Plis »KONSÈY DIREKSYON FAKILTE SYANS KONDANE ENSIDAN KI PASE NAN SEREMONI INOGIRASYON LOKAL FAKILTE A.*
Nan yon nòt pou laprès, konsèy direksyon Fakilte Syans kondane ensidan regretab ki pase nan dat 29 avril 2021 an nan okazyon seremoni » remèt kle » batiman tounèf Fakilte a fèk genyen an._ « Yon pakèt moun ki pa nan Fakilte Syans lan te kòmanse fè gwo bri sa ki ta pral …
Li Plis »LEMOND/ DIFE : 8 MOUN MOURI AK PLIZYÈ LÒT BLESE NAN YON « MHOTEL » NAN PEYI LETONI.
Otorite peyi Letoni, fè konnen gen 8 moun ki mouri ak plizyè lòt blese nan yon dife nan lannwit mèkredi pou louvri jounen jedi 27 Avril 2021 an nan yon » Mhotel » pami blese yo plizyè etranjè, selon esplikasyon otorite peyi Letoni yo . Selon yon twit majistra Eta Riga, …
Li Plis »AYITI / KIDNAPIN : YON LÒT JOUNEN WOUT BLOKE NAN KOMIN TIGWAV POU MANDE LIBERASYON KAZÈK WILKING DICETTE .
Popilasyon nan lokalite Lamadlèn ak kèk lòt zòn nan dezyèm seksyon komin Tigwav, sou dezyèm jounen mobilizasyon yo pou mande liberasyon kòdonatè administrasyon seksyon kominal dezyèm plèn lan, Kazèk Wilking Dicette, nèg ak zam te kidnape dimanch 25 Avril 2021 an nan komin Delma. Malgre entèvansyon komisè gouvènman jiridiksyon miragwàn …
Li Plis »YON GWOUP SITWAYEN BLOKE POU YON MOMAN MÈS PATWONAL VIL SENMAK AKOZ PREZANS DIREKTÈ POLIS LA.*
Yon gwoup sitwayen, bloke pou yon moman jounen dimanch 25 avril 2021 an , mès patwon vil la, Senmak akoz prezans direktè jeneral pou ti bout tan polis la Léon Charles, ak tout akolit li yo pou te kite anndan legliz la ._ Pandan selebrasyon mès la, yon gwoup sitwayen …
Li Plis »